Mwen kwè ke tout moun merite konprann kòman lajan fonksyone.
Se sak fè mwen dedye tèt mwen pou ede kominote Ayisyèn nan rive gen estabilite ak siksè finansye!
Mwen se Dawoonah Pierre, brenn ki dèyè Your Financial BFF.
Avèk ekspètiz mwen nan konsiltasyon finansye, kontabilite, ak asirans lavi, mwen vle edike kominote Ayisyèn nan sou Finans Pèsonèl, Biznis, Bidjè, Ekonomi, Envesti, ak Kredi pou yo ka jere lajan yo pi byen, pran bon desizyon finansye, epi bati avni yo ak konfyans.